Militan k'ap defann dwa imigran yo nan Massachusetts bat bravo pou yon pwojè lwa, ki enkli $20 milyon asistans pou refije Afghan yo ak migran Ayisyen yo nan bidjè eta a ki vo yon total $4 milya dola.
Palman eta a te apwouve pwojè lwa sa a semèn pase a e kounyea lap tann siyati Gouvènè Repibliken Charlie Baker.
Jeffrey Thielman, prezidan ak PDG International Institute of New England, youn nan pi gran NGO ki ede refije yo tabli kò yo nan eta a, deklare pwojè lwa ki vote Vandredi a - si gouvènè a siyen'l - ta fè Massachusetts tounen youn pami kèk eta Ameriken sèlman ki pran angajman finansye pou apiye dènye vag imigran ki soti nan 2 peyi sa yo ki chaje ak pwoblèm.
Nouyòk bò kote pa li pwomèt $5 milyon pou ede 1,800 Afghan tabli ko yo nan eta a, e gouvènè eta Kalifoni an ak lidè palman eta a pwopoze $17 milyon pou ede Afghan refije ki vle viv nan eta a.
Yon pòt pawòl gouvènè Baker di administrayon an ap egzaminen pwojè lwa a, men li pa fè komantè sou lajan ki rezève pou ede imigran Afghan ak Ayisyen yo. Republiken an gen jiska lendi pou'l siyen pwojè lwa a men tou li ka rejte kèk pati pwojè lwa sa a tou, oubyen ofri amdanman.
Pou migran Ayisyen yo, palman an anvizaje deziye $8 milyon pou Immigrant Family Services Institute, yon gwoup ki gen baz li nan Boston e ki trèz aktif nan kominote Ayisyèn nan.
Pi presizeman, pwojè lwa a mande pou lajan an finanse plan pou apiye Ayisyen ki te rie nan peyi a pandan sezon ete a, apre asasina Prezidan Jovenel Moise la epi tranbleman tè 14 Out la ki te koze yon vag migrasyon.
Gwoup kap travay sou dwa imigran yo ak oganizasyon Ayisyen lokal yo di yap goumen pou fè fas ak bezwen migran ki rive nan eta a, sitou kounyea ke sezon fredi a komanse.
"Oganizasyon Ayisyen yo ap fè travay ewo pou ede plizyè santèn fanmi Ayisyen ki rive Massachusetts pandan semèn ki sot pase yo," Amy grunder, ki travay pou Massachusetts Immigrant and Refugee Advocacy Coalition deklare Vandredi. "Nou ankouraje Gouvènè Baker siyen lwa a."