Geraldine Ferraro, premye fanm ki te poze kandidati l pou nominasyon youn nan pi gwo pati politik ameriken yo mouri samdi 26 mas la Ozetazini. Li te genyen 75 an.
Madam Ferraro se te premye fanm kandidat pou pòs vis-prezidan sou tikè Pati Demokrat la an 1984. Fanmi li di Geraldine Ferraro desede nan yon lopital (lopital general Eta Massachusetts la) ki a lès vil Boston, nan rejyon nò-ès Lèzetazini, apre konplikasyon yon maladi kansè nan san ki ta’p fatige li depi 12 zan. Ferraro te nimewo 2 kandida alaprezidans Walter Mondale sou tikè demokrat la nan kanpay elektoral 1984 la, lè ansyen prezidan Ronald Reagan ta p chèche yon dezyèm manda nan Kay Blanch lan.
Mondale, ansyen vis-prezidan Jimmy Carter, di li te deside pou’l fè yon bagay ki pat ko janm fèt anvan nan peyi sa a lè li te chwazi madanm Ferraro kòm pou pòs visprezidan an. Sepandan nan eleksyon jeneral mwa novanm 84 la, se ak yon radmare prezidan Ronald Reagan te eli ansanm ak kandida alavis-prezidans li an, George H.W. Bush.
Okenn dam poko jan okipe okenn nan 2 pozisyon sa yo nan tèt gouvènman ameriken an. Ferraro te depite Eta Nouyòk lè misye Walter Mondale te chwazi li pou tikè demokrat la. Nan yon omaj prezidan Barack Obama rann madam Ferraro samdi, li deklare “Ferraro se te yon pionnière ki chavire anpil baryè pou medam yo”.
Misye Obama kontinye pou l di “madam Geraldine Ferraro te lite pou l fè respekte e mentni ideyal egalite, jistis ak opòtinite pou tout moun, ki se baz fondasyon repiblik amerikèn nan”.