Accessibility links

Breaking News

Ostrali: Kadinal George Pell Ap fè Fas ak Akizasyon Abi Seksyèl


Kadinal George Pell, adwat.
Kadinal George Pell, adwat.

Nan peyi Ostrali, yon kadinal ki rele George Pell, ki se youn nan pi gwo otorite nan Vatikan epi yon konseye espesyal pwoch Pap Francois-- fè premye parèt li nan yon tribinal, mèkredi 26 jiyè 2017 la, kote li tap reponn akizasyon dèske li komèt abi seksyèl.

KadinaI George Pell genyen 76 zan. Pandan li te fè yon parèt tou kout nan yon tribinal nan vil Melbourne, li pa fè okenn deklarasyon. Seyans la te santre sitou sou kesyon legal woutinn. Akizasyon yo di kòmkwa kadinal la te mele nan sa lajistis ostralyèn rele "abi seksyèl istotik" sou plizyè moun; e zak sa yo remonte a plizyè ane deja.

XS
SM
MD
LG