Accessibility links

Breaking News

Ki Kalite Fanm ak Gason Sosyete Ayisyèn ap Pwodui Lè Timoun yo Pa Gen Men Chans pou yo Gen Menm Edikasyon?


Evolisyon Egalite Fi ak Gason ann Ayiti o Nivo Edikasyon
please wait

No media source currently available

0:00 0:04:39 0:00

Evolisyon Egalite Fi ak Gason ann Ayiti o Nivo Edikasyon

Deteminasyon ak angouman ki manifeste sitou bò kote medam yo pou chanje kondisyon pa rapò ak gason yo, montre yo tap soufri anpil. Stéphanie Hilaire kap elve pitit fi l , antann li ak mari l pou pitit fi sa jwenn yon edikasyon kote l ap konnen li gen menm dwa ak yon ti gason.

E li pap santi li devalorize pa rapò ak frè l si vin gen youn nan fanmi an.
" Antan yo manman, mwen sansib pou pitit fim nan; mwen vle li viv nan yon sosyete kote li pap santi l devalorize, kote li gen menm dwa, menm privilèj ak ti gason an."


Menm jan Madan Hilaire kwè yon tifi, menm jan ak yon tigason dwe gen menm posiblite pou aprann kelkeswa pwofesyon an."Pa gen yon konpetans ki make tifi sou li oubyen tigason. Pa gen yon pwofesyon ki gen yon etikèt sou li ki di di tifi oubyen tigason, m kwè se depi nan fanmi yo, nan fason yap leve tigason yo pou yo chanje sa."


Toujou yo dwe pataje tach menaje yo. Pou Stephanie Hilaire, li lè, litan pou lojik tifi ap travay, tigason ap banbile a fini. "M pa pral kreye yon lide nan tèt pou di, tifi a la pou fè netwayaj, eksetera pandan tigason an ap jwe."Yon avi Vivianne Saint Fleur pataje, pandan li eksplike model edikasyon pa l lan. "yo gason se yon moun ki la pou w pwoteje, pou w ede ...mpa pral leve yon ti prens ki chita nan kabann li kap rele entel fin fe sesi, vin fe sela."


Paran yo dakò, reyalite egalite ant fanm ak gason an dwe komanse depi nan edikasyon yap bay pitit yo lakay yo. Nan fason yap trete ti gason ak tifi yo demen ki pral deside sou ki kalite fanm ak gason sosyete a pral genyen avèk menm chans, menm posiblite.


Toutfwa kisa grandèt yo ki te kwè sete meyè edikasyon yo te konn bay pitit? kisa yo panse de tout chanjman sa? Ki jan yo wè egalite ant fanm ak gason an?

XS
SM
MD
LG