Accessibility links

Breaking News

Nouvo Taks ann Ostrali pou Netwayaj aprè Gwo Inondasyon an


Nouvo Taks ann Ostrali pou Netwayaj aprè Gwo Inondasyon an
Nouvo Taks ann Ostrali pou Netwayaj aprè Gwo Inondasyon an

Ann Ostrali, avèk dlo inondasyon ki kouvri plizyé zòn nan peyi a, Premye-Minis Julia Gillard ap fè fas a yon nouvo kriz nan desizyon li gen pou l pran pou l konnen kouman li pral peye pou l netwaye peyi a.

Madan Gillard deja pwopose yon taks espesyal pou yo peye yon fwa, pou ede avèk depans konstriksyon ke yo atann ki pral moute jiska 20 miya dola.

Yon ti gwoup konsèvatè endepandan ke yo bezwen apwi yo pou kenbe gouvènman an sou pouvwa a apiye plan sa a.

XS
SM
MD
LG