Accessibility links

Breaking News

Gen Ranson ki te Peye pou Lage Kèk Pami Misyonè yo Ann Ayiti


Vizite ap antre nan Christian Aid Ministris nan vil Berlin, eta Ohio, 16 Dec. 2021.
Vizite ap antre nan Christian Aid Ministris nan vil Berlin, eta Ohio, 16 Dec. 2021.

Anplwaye òganizasyon misyonè Christian Aid Ministries, ki gen katye jeneral li nan eta Ohio, fè konnen yon moun ke yo pa idantifye te peye yon ranson pou fè gang Ayisyen 400 Mawozo lage 3 pami misyonè yo.

Ranson an te sipoze ase pou gang lan te lage tout 15 otaj Ameriken ak Kanadyen li te kidnape yo. Sepandan ex-otaj yo di gang lan pat kenbe pwomès li te fè yo.

Moun ki peye ranson an pat afilye ak Christian Aid Ministries dapre sa yo di Associated Press.

Anplwaye yo deklare yo pa konnen idantite endividi a, ni konbyen lajan li peye gang 400 Mawozo.

Ex-otaj yo kòmanse pale de peripesi yo te siviv ak moun legliz yo, ke yo deklare te fini apre yo te chape poul yo dat 16 Desanm lan yon fason dramatik.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG