Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Jistis: Liberasyon Prizonye 7 Fevriye 2021 Yo


Senbòl lajistis
Senbòl lajistis

Daprè enfòmasyon ki sòti Ayiti, lajistis libere 15 sou 17 prizonye otorite yo te arete nan dat 7 fevriye 2021 an sou akizasyon dèske yo ta mele nan yon konplo kont Prezidan Jovenel Moise;

Ayiti - Nouvèl Dènye Minit

Nouvèl ki soti Pòtoprens fè konnen lajistis libere 15 sou 17 prizonye otorite yo te arete nan dat 7 fevriye 2021 an sou akizasyon dèske yo ta mele nan yon konplo kont Prezidan Jovenel Moise; pami yo genyen 2 sè: Doktè Marie Antoinette Gauthier ak Enspektris Jeneral Marie Louise Gauthier.

Sa gen 3 jou depi jij yon tribinal dapèl te pase lòd pou yo libere tou le 17 prizonye yo paske, dapre jij yo, arestasyon an te ilegal. Daprè menm sous la, 2 lòt akize yo, yon fi ak yon gason, pa jwenn liberasyon yo akoz erè ki genyen nan òtograf non yo. Nan kèk milye ki pwòch afè a enfòmasyon ap sikile pou di kòmkwa 2 moun sa yo, yo menm tou, ta dwe jwenn liberasyon yo anvan lontan.

XS
SM
MD
LG