Accessibility links

Breaking News

Gary Desrosiers: '3 Ajan PNH Pral Chache Samir Handal Nan Peyi Tiki'


pòtpawòl PNH la, Gary Desrosiers.
pòtpawòl PNH la, Gary Desrosiers.

Nan yon konferans pou laprès pòtpawòl Polis Nasyonal d Ayiti a, Gary Desrosiers, bay mèkredi 17 Novanm, li konfime arestasyon Samir Handal nan Peyi Tiki kote misye nan prizon, epi li anonse otorite yo chwazi 3 ajan pou al chache sispèk la epi rantre avèk li nan Pòtoprens.

Otorite nan peyi Latiki, an kolaborasyon ak Interpòl e ak otorite ayisyen yo, mete anba kòd sitwayen ayisyen Samir Handal apre lajistis ayisyèn te lanse yon avi rechèch pa lentèmedyè Interpòl pou arestasyon li. Otorite yo nan Latiki te arete sispèk la nan ayewopò entènasyonal Istanboul la byen bonè nan jounen lendi 15 novanm nan.

Yo arete Handal nan moman li t ap fè yon eskal nan Istanboul apre li te pran avyon Ozetazini pou l ale nan Lajòdani. Pou kounya sispèk la nan prizon pwovizwaman pou 40 jou, pandan otorite Latiki yo ap tann arive 3 ajan Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) voye pou al chache Handal epi retounen avèk li nan Pòtoprens. Pòtpawòl PNH la, Gary Desrosiers, konfime nouvel la nan yonpwendepres li bay mekredi 17 novanm nan kote li prezante tou bilan aktivite lapolis soti 21 oktòb pou rive nan mitan mwa novanm nan.

XS
SM
MD
LG