Accessibility links

Breaking News

Gang ap Trangle Kapital Ayisyèn nan Pandan Kidnapping Ogmante 17 Wotè


Yon fanmi kouri kite kay yo sou moto pou evite yon lese frape ant gang rival yo nan Croix des Mission, nan Potoprens, Jedi 28 Avril 2022.
Yon fanmi kouri kite kay yo sou moto pou evite yon lese frape ant gang rival yo nan Croix des Mission, nan Potoprens, Jedi 28 Avril 2022.

Gang yo mele nan yon hing hang kote yap sezi teritwa nan kapital la ak yon nouvo entansite epi britalite.

Zizani sa a orifye e bay anpil kè sote bò kote sitwayen ki santi peyi a ap degringole pandan lap eseye re-kanpe sou 2 pye'l apre asasina Prezidan Jovenel Moise, 7 Jiyè pase a.

Pandansetan, Nasyonzini ap fè preprasyon pou yon deba sou avni prezans li ann Ayiti.

Otorite yo di kriminèl yo fè kadejak sou timoun 10 zan, yo boule moun tou vivan epi fose lekòl, komès ak lopital yo fèmen pòt yo.

Zak britalite sa yo kap komèt san pran souf fòse plizye milye fanmi kouri kite kay yo apre prèske 200 moun te mouri pandan yon lese frape ant 2 gang rival.

XS
SM
MD
LG