Accessibility links

Breaking News

Gad Kòt Etazini Ranmase 176 Ayisyen Sou Lanmè tou Pre Florid


Key Largo, yon zile ki sitye bo kot eta Florid e ki fe pati eta sa a nan sid Etazini.
Key Largo, yon zile ki sitye bo kot eta Florid e ki fe pati eta sa a nan sid Etazini.

Gad Kòt Etazini fe konnen li ranmase sou lanmè 176 Ayisyen ki te nan yon bato ki te chaje ak moun nan moman li tap pwoche bò kote ti zile ki tou pre kòt eta Florid ke yo rele Florida Keys.

Jefò sekou a dewoule Lendi apre yon ekipaj Gad Frontye Ameriken te wè chaloup la tou pre Bahamas ak yon pakèt moun andan an.

Bato Gad Kòt Paul Clark ansanm ak stasyon Gad Kòt nan Islamorada te travay ansanm ak responsab lajistis nan nivo federal eta a ak otorite lokal yo pou arete moun sa yo.

Gen 10 pami yo ki oblije al lopital akoz dezidratasyon.

Gad Kòt Etazini deja arete 557 Ayisyen sou lanmè pandan ane fiskal sa a ki se yon gwo ogmantasyon konpare ak sa yo te konstate ane anvan an.

Otorite Ameriken yo pral transfere Ayisyen yo bay Ajans Imigrasyon ak Aplikasyon la Dwann - ICE, epi apre sa yo va rapatriye yo, dapre pòt pawòl Gad Frontyè a Alan Regalado.

Se souvan Gad Kòt Etazini rapatriye moun li ranmase sou lanmè. Yo deja pran 557 Ayisyen pandan 3 mwa ki fè pati ane fiskal la.

Se yon gwo ogmantasyon konparativman ak ane pase a, le yo te ranmase yon total 1,527 moun sou lanmè. Ajans la di gen 418 migran ke yo sove an 2020, 932 an 2019, 609 an 2018 epi 419 an 2017.

XS
SM
MD
LG