Accessibility links

Breaking News

52 Migran Ayisyen Ateri nan Zile Key Largo


Key Largo, yon zile ki sitye bo kot eta Florid e ki fe pati eta sa a nan sid Etazini.
Key Largo, yon zile ki sitye bo kot eta Florid e ki fe pati eta sa a nan sid Etazini.

Plis pase 50 migran Ayisyen debake sou yon ti zile eta Florid Vandredi, dapre ajan federal Ameriken yo.

Te gen 52 migran ke Gad Frontyè arete nan Key Largo, dapre yon mesaj ki pibliye sou kont ofisyèl Twitter ajans la. Otorite Ameriken yo sispèk moun sa yo fè pati yon operasyon maritim trafik moun.

Nan yon ensidan separe, ajan federal yo di gen 9 migran ki soti divès peyi ki rive Vandredi nan Fort Lauderdale.


CBP (US Customs and Border Protection) fè konnen ajan li yo ap mennen ankèt sou ensidan sa a.

XS
SM
MD
LG