Accessibility links

Breaking News

G20 Mande Akse Imanite ak Afghan yo, UE Pwomet Lajan Kash


Premye Minis Italyen Mario Draghi pale ak jounalis yo pandan yon konferans pou lapres nan fen rankont o some virtyel Gwoup de 20 an nan vil Rome, Itali, 12 Oct. 2021.
Premye Minis Italyen Mario Draghi pale ak jounalis yo pandan yon konferans pou lapres nan fen rankont o some virtyel Gwoup de 20 an nan vil Rome, Itali, 12 Oct. 2021.

Gwoup 20 pi gwo peyi endustriyalize yo - G20 - lanse avetisman pou di taka gen yon katastrof imanite nan peyi Afghanistan. Pandansetan, Unyon Euwopeyen an pwomet 1 milya euwo (swa $1.15 milya dola Ameriken) pou apiye pep Afghan an.

Lide G-20 yo fe demann nan pandan yon rankont o some virtyel Madi, ke Itali te oganize. Yo mande pou lide Taleban yo pemet asistans umanite rive toupatou nan peyi a, pou yo kenbe ayewopo Kaboul la ouve, louvri frontye yo epi asire sekirite anplwaye LONU, moun kap livre asistans imanite epi diplomat yo.

Lide yo repete demann yo te fe anvan sa pou Taleban an respekte dwa medam yo nan Afghanistan. Premye Minis Italyen an Mario Draghi di rankont la te reprezante premye repons multi-lateral fas ak kriz ke depa twoup Ameriken yo te deklanche nan mwad Out la epi sezi kontwol pouvwa Taleban an.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG