Accessibility links

Breaking News

Gwo Zotobre Milite Ameriken yo Fe Fas Ak Kestyon Piman Bouk Nan Sena a


Sekrete Defans Etazuni Lloyd Austin rive nan Sena a pou yon sesyon kestyon repons sou operasyon milite nan Afghanistan, 28 Sept. 2021.

Gwo Zotobre milite Ameriken yo defann desizyon pou evakye twoup Etazuni nan Afghanistan, e yo ensiste pou di malgre difikilte yo te genyen nan komansman, jefo a "depase sa nou te espere".

Se pa youn ni 2 kritik moun lanse kont milite sa yo apre gouvenman Afghan an ke Etazuni te apiye te echwe vit e prese. Yo kritike yo tou pou pon ayeryen ki pat reyusi evakye tout sitwayen Ameriken ki te nan peyi Afghanistan. Yo pat resi evakye non plis alye Afghan ki taka fe fas ak zak reprezay bo kote Taleban an, ki kontwole peyi a kounyea.

Sepandan, Sekrete Defans Lloyd Austin di Komite Sena Ameriken an kap travay sou zafe ki gen pou we ak fos zame yo ke evakyasyon an dewoule osi byen posib e ke okenn lot milite nan le mond patka fe pi byen.

"Eske'l te san fot? Byen su ke non," Austin di senate yo. Li fe remake 2 premye jou pon evakyasyon ayeryen an te "difisil" akoz gwo foul moun ki te kouri al lage ko yo nan ayewopo a apre Talebanan te pran kontwol pouvwa a sanzatann.

XS
SM
MD
LG