Accessibility links

Breaking News

Nijè: Militè Fransè "Fòs yo Pa t Tire Sou Foul Moun ki Tap Manifeste yo"


FILE - Demonstrators hold a placard that reads "No to France" during a protest calling for the departure of French forces from Burkina Faso, in the capital Ouagadougou, Nov. 16, 2021.
FILE - Demonstrators hold a placard that reads "No to France" during a protest calling for the departure of French forces from Burkina Faso, in the capital Ouagadougou, Nov. 16, 2021.

Yon pòtpawòl militè fransè demanti akizasyon ke sòlda fransè yo te tire sou yon foul moun nan yon manifestasyon nan peyi Nijè nan fen mwa novanm pase a.

Sitiyasyon sekirite a ki deteryore nan rejyon Sahel Afriken an te akonpaye ak manifestasyon kont fòs fransè yo ki te al ede gouvènman Afriken yo goumen ak gwoup militan islamis yo ki pi aktif nan rejyon an.

Manifestasyon kont fransè yo te kondwi pa move enfòmasyon ki gaye sou entènèt ke fòs fransè yo ap ame gwoup ki lye ak Eta Islamik ak al-Qaida.

26 novanm, yon konvwa militè fransè, te rive bloke nan Burkina Faso pou plis pase yon semèn pandan ke manifestan yo bloke pwogrè li, nan direksyon Nijè. Nan denmen, menm jan sa te rive nan Burkina Faso, manifestan Nijeryen yo bloke konvwa a, pou yo konnen kisa ke militè yo t ap transpòte.

FILE - A Burkinabe soldier walks past a French Armoured Personnel Carrier, part of a French military convoy, heading to Niger, stopped by protesters in Kaya, Burkina Faso, Nov. 20, 2021.
FILE - A Burkinabe soldier walks past a French Armoured Personnel Carrier, part of a French military convoy, heading to Niger, stopped by protesters in Kaya, Burkina Faso, Nov. 20, 2021.

Otorite Nijeryen yo fè konnen 27 novanm te di ke 2 moun te mouri e 16 te blese 2, alòske temwen yo te di nan estasyon televizyon fransè TV5 Monde ke yo te wè sòlda fransè yo tire sou foul la.

Nan yon entèvyou ak Kolonèl Pascal Ianni, pòtpawòl Chèf Etaf Lame fransè a, VOA te mandel si twoup fransè yo te tire sou manifestan yo.

"Mwen repete sa mwen sot di a, fòs franse yo pa t tire sou foul moun yo," li te di. "Fòs franse yo tire anlè epi tire devan foul la, nan pye foul la, pou yo anpeche manifestan yo avanse."

Ianni te di ke twoup franse yo ak polis militè Nijeryen yo te oblije pran aksyon sila kont manifestan yo, yo pat gen chwa, paske yo te ame tet yo ak wòch ak baton, pou anpeche konvwa pase ak entansyon pou boule e piye l.

Konsènan lanmò ak blesi otorite Nijeryen yo rapòte, li te di, "Mwen pa ka konfime oswa afime rezilta otorite Nijeryen yo te anonse yo."

VOA mande si ta gen yon ankèt, piske li pa klè sa ki te pase, kolonèl la te di ke se otorite nan Nijè ki gen pou fè ankèt.

XS
SM
MD
LG