Accessibility links

Breaking News

Kèk Frap Aeryen te Vize Kay yon Lidè Gwoup Teworis al-Qaida a nan Yemen


Otorite ak temwen nan peyi Yemen fè konnen lame Etazini lanse frap aeryen sou sa l sispèk kòm pozisyon al-Qaida nan sid Yemen pou yon 2èm jou youn apre lòt.

Otorite nan Yemen fè konnen frap ameriken nan douvanjou vandredi 3 mas 2017 la te vize antwòt kay yon lidè al-Qaida nan pwovens Wadi Yashban. Te gen atak tou nan Abyan, yon pwovens vwazen.

Moun nan zòn nan kwè fòk gen sivil ki viktim. Otorite ameriken yo pako pale sou dènye frap aeryen yo.

XS
SM
MD
LG