Accessibility links

Breaking News

Frans Politik : Bernard Caseneuve Ranplase Manuel Valls kòm Nouvo Premye Minis


Nouvo Premye Minis fransè a, Bernard Cazeneuve, pandan li tap bay yon konferans pou laprès nan Palè Elysee a lè li te Minis Enteryè toujou. (Foto achiv).
Nouvo Premye Minis fransè a, Bernard Cazeneuve, pandan li tap bay yon konferans pou laprès nan Palè Elysee a lè li te Minis Enteryè toujou. (Foto achiv).

Nan peyi Lafrans, Prezidan François Hollande chwazi minis enteryè a, Bernard Caseneuve, pou ranplase premye minis Manuel Valls ki bay demisyon li madi 6 desanm 2016 la pou l kapab poze kandidati a la prezidans nan eleksyon 2017 la.

Misye Valls, ki gen 54 tran e ki ta renmen ranplase Misye Hollande sou pouvwa a, se youn nan politisyen ki vle reprezante Pati Sosyalis la nan vòt la ki pral dewoule an 2 tou: youn nan mwa davril epi lòt la nan mwa me 2017. Prezidan Holande te anonse semèn pase a li pa gen entansyon ale dèyè yon 2èm manda, paske li pa sèten yon majorite elektora fransè a ta pral apiye kandidati li.

Ansyen Premye Minis Manuel Valls ak madanm li pandan yo tap kite yon seremoni d'adieu ofisyèl nan vil Pari nan jounen madi 6 desanm 2016 la.
Ansyen Premye Minis Manuel Valls ak madanm li pandan yo tap kite yon seremoni d'adieu ofisyèl nan vil Pari nan jounen madi 6 desanm 2016 la.

Bernard Caseneuve okipe premye ran an pami otorite Lafrans kap pote repons bay yon seri atak ekstremis islamis te lanse sou tèritwa fransè a pandan 2 zan ki pase yo e ki koze lanmò plis pase 200 moun. Pami atak sa yo genyen plizyè atanta kowòdone ki te souke vil Pari nan lane 2015 la; bilan atanta sa yo sete 130 mò.

Si Misye Valls ranpòte primè Pati Sosyalis la an janvye, li pral tope kòn li avèk François Fillon, yon ansyen Premye Minis 62 zan ki te etone anpil moun semèn pase a lè l te ranpòte nominasyon Pati Repibliken sant-dwat la.

XS
SM
MD
LG