Accessibility links

Breaking News

Lafrans anba Menas yon Lòt Wikenn byen Chofe kote "Mayo Jonn yo" Pare pou Yo Pran Lari.


Manifestan fransè k ap fè lese-frape avèk lapolis. (Fotlo: Samdi premye desanm 2018).
Manifestan fransè k ap fè lese-frape avèk lapolis. (Fotlo: Samdi premye desanm 2018).

Lafrans pare pou l viv yon lòt wikenn pwotestasyon ki fet avèk vyolans, nan moman manifestan yo anonse, antwòt, 2 manifestasyon kote òganizatè yo gen objektif depaman: yon kote w ap jwenn mesye-dam “Mayo Jonn” k ap pwoteste pou yo mande chanjman nan politik gouvènman an plas la, epi yon lòt gwoup ap mande otorite yo pran aksyon pou yon konbat emisyon gaz kabonik nan lè a.

Pa le fèt ke 2 gwoup manifestan separe pare pou yo pran lari nan Peyi Lafrans, èske sa ta vle di pral genyen yon kanpo nan yon vyolans ki reprezante pi gwo kriz gouvènman Macron an ap konfwonte?

An fèt, menmsi Lafrans se yon peyi ki byen abitye ak mouvman pwotestasyon, zak vyolans ki te kòmanse dewoule sa pa gen lontan an pran yon lòt nivo, yon nivo moun pa t jam we depi plizyè dizèn d ane. Bilan an jiskaprezan se: 4 mò, plizyè santèn moun blese, magazen ak boutik piye, epi moniman nasyonal ou istorik ki pran bon jan koutpenti ak grafiti.

Didier King se prezidan Chanm de Komès ak Endistri Rejyon parizyèn nan. Li konpare jan manif yo te konn dewoule nan le pase, ak jan y ap dewoule jounen jodi a epi li di lontan moun yo pa t konn kraze-brize pwopriye sitwayen ki pa gen anyen pou yo wè avèk rezon-dèt pwotestasyon an.

Polisye anti-emet fransè ki t ap pwoteste sou Plas La Konkòd la nan Paris, Frans, lendi 3 desanm 2018 la.
Polisye anti-emet fransè ki t ap pwoteste sou Plas La Konkòd la nan Paris, Frans, lendi 3 desanm 2018 la.

An tou ka, youn nan bagay ki klè, sè ke boutik ak magazen nan Pari ak lòt kote nan peyi a pèdi anpil bon afè nan yon moman kote bisniz yo bloke, mèt magazen yo pa antre lajan akoz vyolans ki akonpaye manifestasyon yo.

Apre gouvènman an te fè gwo piblisite pou kèk refòm enpopilè li te vle mete an plas, li retounen sou desizyon an nan kòmansman semèn nan. Men, kèk manifestan di yo pa kwè voltefas gouvènman Macron an sifi pou satisfè “Mayo Jonn yo”… An tou ka, si gen yon bagay ki sèten, sè ke Lafrans pral pase yon lòt fen semèn trè chofe; e pi bon divinò a pa ka prevwa kijan sa pral fini.

Lafrans Anba Menas yon Lòt Wikenn Pwotestasyon
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:49 0:00

XS
SM
MD
LG