Accessibility links

Breaking News

Lafrans Ap Retire Refijye yo Anba Tant pou l Mete yo nan Pi Bon Abri


Sitiyasyon Refijye yo nan peyi Lafrans: "Nou tout nan mond lan se pitit imigran," se pawòl ki ekri sou yon mi yon lekòl ki pote non Jean Jaures nan nòdès Paris an Frans. Foto: mèkredi 4 me, 2016. Refijye sa yo te soti nan peyi Afganistan, Soudan, Yemèn ak lòt kote nan mond lan.
Menn Otorite peyi Lafrans yo ki te mete gwoup refijye sa yo nan lekòl Jean Jaures la te evakye yo apre sa.
Sitiyasyon Refijye yo nan peyi Lafrans: "Nou tout nan mond lan se pitit imigran," se pawòl ki ekri sou yon mi yon lekòl ki pote non Jean Jaures nan nòdès Paris an Frans. Foto: mèkredi 4 me, 2016. Refijye sa yo te soti nan peyi Afganistan, Soudan, Yemèn ak lòt kote nan mond lan. Menn Otorite peyi Lafrans yo ki te mete gwoup refijye sa yo nan lekòl Jean Jaures la te evakye yo apre sa.

Plizyè santèn ajan lapolis fransè koumanse defèt yon gwo kokenn kan nan nòdès vil Pari nan kad yon efò gouvènman an peyi sa a di li ap fè pou l wete refijye yo nan lari pou mete yo nan abri.

Kèk gwoup k ap bay èd fè konnen 3 mil moun pou pi piti te okipe kan an nan zòn arebò yon kanal ant yon estasyon tren ki nan zòn Stalingrad ak Jaures.

Transfè migran minè nan yon otobis pou ale nan sant resepsyon an. Frans, 2 Nov. 2016.
Transfè migran minè nan yon otobis pou ale nan sant resepsyon an. Frans, 2 Nov. 2016.

Anpil imigran te kenbe bagaj yo pandan yo tap tann otobis pou mennen yo ale nan yon sant kote otorite yo ka pran non yo ak enfòmasyon komsadwa.

Nan jou pase yo, Nasyon Zini te pibliye yon nòt pou l di, "Gouvènman nan peyi Lafrans ak Grand Bretay pa reponn obligasyon yo anfavè migran yo."

Komite l ONU pou Dwa Timoun yo patikilyèman te deklare l ap suiv kouman eta yo ki te ratifye konvansyon ki te kreye li a aplike tou sa ki ladann, e li te fè konnen li mande Lafrans ak Grand Bretay pou yo aji vit pou ede timoun ki pa gen granmoun ak yo kap viv nan kan refijye yo.

XS
SM
MD
LG