Accessibility links

Breaking News

Yon Migran Malyen an Frans Jwenn Estati Fransè ak yon Jòb Sapè Ponpye nan yon Jou

Prezidan Emmanuel Macron rankontre nan Palè Elisee a Mamoudou Gassama, yon jèn gason 22 zan ki te soti Mali, e kap viv an Frans san papye. Mamoudou riske lavi li pou l grenpe tankou yon arenye pou l sove yon ti fransè ki te andanje sou yon balkon.

Yon migran malyen kap viv an Frans san papye jwenn estati fransè ak yon djòb sapè ponpye nan yon jou apre li te fin sove lavi yon timoun ki te kwoke nan yon balkon ki nan 4èm etaj yon konplèks apatman nan vil Pari.

Videyo montre imigran Mamoudou Gassama kap grenpe de eta an etaj tankou lòm arenye pou l al sove ti moun nan. Prezidan Emmanuel Macron te akeyi jèn ewo ilegal la nan palè Elize pèsonèlman lendi 28 me 2018 la.

Prezidan Macron remèt jèn ewo malyen 22 zan an yon meday pou bravou li, pou zak gason vanyan li poze nan mitan gwo risk pou pwòt tèt li, anplis desa, gouvènman Lafarans la ofri pou fè li tounen yon sitwayen fransè la pou la mete ak yon djòb kòm sapè ponpye.

Bò kote pa l, direktè asosyasyon malyen pou Ekspilse yo, Ousmane Diarra di li espere Prezidan Macron wè malyen ki an Frans yo pi lwen pase zak ewoyik Mamoudou sot poze a.

Pandanstan, Mamoudou Gassama di Lavwadlamerik lap priye BonDye pou otorite fransèz yo ede lòt migran menm jan yo ede li a.

XS
SM
MD
LG