Accessibility links

Breaking News

Fòs ki Fidèl ak Kadhafi yo Touye 15 Gad Konsèy Nasyonal Tranzisyon an


Fòs ki Fidèl ak Kadhafi yo Touye 15 Gad Konsèy Nasyonal Tranzisyon an
Fòs ki Fidèl ak Kadhafi yo Touye 15 Gad Konsèy Nasyonal Tranzisyon an

Konbatan Konsèy Nasyonal Tranzisyon Libi a fè konnen fòs ki rete fidèl ak ansyen lidè libyen Mohammar Kadhafi touye omwen 15 gad nan atak yo lanse tou pre yon rafinnri petwòl enpòtan nan vil Ras Lanuf ki bay sou lanmè.

Otorite pwovizwa yo di fòs k ap defann Kolonèl Kadhafi yo te pwoche bò rafinnri petwòl la ak yon pakèt machin kote yo atake gad ki t ap fè pòs pa deyò enstalasyon an ki anba kontwòl fòs Konsèy Nasyonal Tranzisyon Libi a.

Nan dat dimanch 11 septanm nan, militan konsèy la , ki t ap retounen soti nan vil Bani Walid, te antre nan gwo lese-frape ak fòs pwo-Kadhafi yo ki te pran pozisyon sou tèt plizyè kay nan zonn-nan e t ap itilize obi, wokèt ak fran-tirè.

XS
SM
MD
LG