Accessibility links

Breaking News

Filipin: Batay ant Fòs Sekirite Peyi a ak yon Gwoup Militan Teworis Deja Lakoz 500 Moun Mouri


Kat jewografik peyi Filipin.
Kat jewografik peyi Filipin.

Prezidan Filipin nan, Rodrigo Duterte mande Kongrè a pou l prolonje lwa masyal la jiska mwa desanm nan zile Mindanao ki nan sid peyi a; kote lame ap lite kont yon rebelyon militan islamik yo ki deja fè anpil san koule.

Plis pase 500 moun mouri nan konfli a ki te komanse apre tantativ fòs sekirite yo te fè pou yo pran Isnilon Hapilon, yon gwo lidè militan ki makonnen avek Eta Islamik la. Dekrè prezidansyel la ap rive nan bout li samdi 22 juyè 2017 kap vini la a jan konstitisyon peyi Filipin mande l la.

Pòtpawol prezidans la, Ernesto Abella, di jounalis yo Prezidan Duterte pèsyade yo pap gen tan ranpote la viktwa nan ti tan sa a.

XS
SM
MD
LG