Accessibility links

Breaking News
Azi

Fiji Mande Lame Entèveni Apre Eleksyon Sere-Sere ki sot Dewoule sou Zile a


Lide Pati Alyans Pep la Sitiveni Rabuka pandan yon mes nan Suva, Fiji 18 Desanm, 2022.

Lapolis zile Fiji deklare yo mande lame vinn ede yo sekirize peyi a apre yon eleksyon sere sere semèn pase a ke kandida ki pèdi a konteste.

Se yon devlopman ki bay gwo kè sote nan peyi sila a ki sitye nan oseyan Pasifik la kote demokrasi a frajil. Fiji sibi 4 kou deta militè pandan 35 ane ki pase yo.

2 Prensipal kandida pou pòs premye minis la ane sa a, se moun ki te dirije kou deta nan pase a.

Lame a pran mezi pou sekirize peyi a apre pati Fiji an Premye -- Premye Minis Frank Bainimarama a te derefize aksepte defèt li, malgre rival li Sitiveni Rabuka ak 2 lòt pati te anonse yo fòme yon kowlisyon ki ba yo majorite nan palman an e ke se kandida pa yo ki pral dirije pwochen gouvènman peyi a.

XS
SM
MD
LG