Accessibility links

Breaking News

FBI Idantifye Moun ki Pran Otaj nan yon Synagog Jwif Texas


Emergency responders are seen near a synagogue where a man has reportedly taken people hostage during services in Colleyville, Texas, Jan. 15, 2022.
Emergency responders are seen near a synagogue where a man has reportedly taken people hostage during services in Colleyville, Texas, Jan. 15, 2022.

Fòs sekirite ameriken yo t ap mennen negosyasyon yo ak yon nonm ki te pran plizyè moun an otaj nan yon sinagòg nan Colleyville, yon vil nan etaTexas, dapre di otorite yo li se "frè" yon fanm pakistanè ki te kondane pou zak teworis. .

Otorite Ameriken yo idantifye yon Britanik ki gen 44 an, kòm moun ki te pran 4 sitwayen ann otaj nan yon sinagòg nan Texas pandan 10 ze'd tan, anvan ajan FBI SWAT te debke nan bilding nan epi mete fen nan yon kriz otaj Prezidan Joe Biden dekri tankou yon "zak teworism".

Malik Faisal Akram mouri pa bal apre ajan FBI te sove dènye otaj la ve 9 hè Samdi swa nan Kongregasyon Beth Israel (yon enstalasyon Jwif) ki sitye tou pre vil Fort Worth.

Nan yon deklarasyon li pibliye Dimanch, FBI deklare pa gen okenn endikasyon ke lòt moun te patisipe nan atak la. Moun te ka tande Akram ap pale pandan yon livestream (difizyon an dirèk) pandan sèvis Jwif la. Li te mande pou yo lage yon newosyantis Pakistanè ke la jistis kondane apre yo jwenn ni koupab dèske li tap chache touye sòlda Ameriken nan peyi Afghanistan.

Samdi, Jen Psaki ki se Pòtpawòl prezidan ameriken an, Joe Biden, te ki ke "yap kontinye resevwa mizajou" e manm ekip sekirite nasyonal li a "yo an kontak ak lidèchip fòs lòd federal yo".

Sou Twitter, Gouvènè Texas Greg Abbott te rele sitiyasyon an "tansyon".
ABC News,rapòte anvan li te lage premye otaj sispèk a te ame, li te gen an total kat otaj , e li te deklare ke li te plante bonm.

XS
SM
MD
LG