Accessibility links

Breaking News

Fanatik Nwa yo Chante Lwanj Serena Kòm Enspirasyon


Serena Williams reyaji apre li kale Anett Kontaveit, moun peyi Estoni nan dezyem tou US Open nan, Mekredi 31 Out, 2022.
Serena Williams reyaji apre li kale Anett Kontaveit, moun peyi Estoni nan dezyem tou US Open nan, Mekredi 31 Out, 2022.

Fanatik ki soti tout kote te vin asiste US Open nan Lendi pou we Serena - ou pa bezwen ajoute Williams - tout moun konnen ikòn sa a, mega-atlet sa a.

Fanatik yo patka tann pou we'l jwe, e si yo pat gen chans achte biye yo te eseye kanpe kote lap pase pou mande'l siyen yon fey papye pou yo.

Pou medam nwa yo an patikilye, evolisyon Serena Williams pou'l rive nan tet klasman tenis mondyal la se yon enspirasyon. Yon chans pou we mamzel jwe sitou denye match karye li - se yon onè.

Mericka Baeaty, se moun Kingsford Heights Indiana

"Mamzel vini ak tout founiti klasik. Se yon tifi ki grandi pou'l tounen dam fenomenal li ye jodia. Se yon moun pitit fi'm kapab obseve e di si'l te ka fe'l mwen ka fè'l tou. Nou remèsye'w Serena pou tout bagay. "

Tina Green se moun Oklahoma City.

"Li pave chemen an pou avni tenis - pou tifi nwa yo ak tout lot tifi pou di mwen ka fè sa. Li te simonte yon pakèt obstak pou'l jwe nan yon spo yo pa jwe nan katye defavorize yo. Donk tenis nan bon men kounyea gras ak Serena."

Tiffany Martinez se yon fanatik ki vwayaje soti Columbus, Ohio

"Ou ka fe nempot kisa ou vle. Donk pitit pitit mwen we Serena epi li di mèmè mwen ka fe sa tou. Pakse Serena te fèl. Si Serena te di ou ka fe'l tout moun ka fe'l. Donk nou la - apre 33 zan travay kom sèvez nan restoran - mwen pa janm pran yon jou konje ni yon wikèn men mwen deside pran konje wikèn sa a tou senpman pou'm te ka we li paske li fè yon pakèt bagay pou mwen. "

Jaryn Garner se moun Columbus, Ohio tou.

"Li kouvri tout jenerasyon. Mwen kwe se yon bagay pèson paka wetire nan men'l. Gason, fanm, jèn fanm, tifi, tigason. Li touche kè tout moun. Mwen wè yon nèg jodia ki ten yon t-shirt ak figi li sou li e sete yon bagay cool a mo."

Paula Hughes di li grandi ap swiv Serena Williams sou teren tenis la, e ke sa te enspire'l.

"Nou te we'l lè li te timoun navige nan yon espas blan yo te dominen e li pat janm rabese tèt li, li te rete orijinal menm jan li ye jodia. Pa fwa li te rele byen fo, mete rad koulè vif. Li pat janm eseye aji yon fason ki pa otantik pou'l pran devan. Donk se yon istwa ki gen siyifikasyon pou nou."

Jaryn Garner ajoute: "Definitivman se yon spo blan. Donk le nou ka we moun ki sanble nou ap jwe li difisil pou esplike jwa sa ba nou. Map eseye mwen se yon santiman kote ou di mezanmi li sanble'm gade sa'l akonpli mwen ka fe'l tou."

Paula Hughes di: "Se yon bagay fou paske li se pi bon pami pi bon yo. Ou pa bezwen mete nwa oubyen fanm anvan pawol sa yo. Literalman li se pi bon pami pi bon. E le fet ke li te soti epi fe fas ak anpil obstak men li te reyusi nan nivo ki pi wo a se yon bagay ki fou. Yon enspirasyon. Ou vle patisipe ladann. Pwoche bo kote'l. Moun renmen istwa sa a."

Serena gen 40 an e li fe konnen ke tounwa sa a se pral denye tounwa lap jwe pandan karye li.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG