Accessibility links

Breaking News

Lidè Ewopeyen yo Jwenn yon Akò sou Dosye Migrasyon an

Prezidan fransè a, Emmanuel Macron, ak Chanselye Almay la, Angela Merkel, ki t ap patisipe nan yon konferans pou laprès aprè negosyasyon ki te dewoule sou entegrasyon politik magratwa Inyon Ewòp la ak kesyon defans nan Palè Elize a nan Pari, nan dat 28 out 2017. (Foto Achiv).

Lidè peyi manm Inyon Ewòp la rive jwenn yon antant vandredi 29 jen 2018 la sou dosye migrasyon an. Prezidan fransè a, Emmanuel Macron, reyaji pou l di antant sa a se yon bòn nouvèl:

"Kowoperasyon ant divès manm inyon an ranpòte laviktwa nan fen negosyasyon ki te kòmanse nan sware yè jedi a pou fini douvanjou jodi vandredi a."

Nan kad akò a, manm yo antann yo pou yo tabli sant debèjman pou migran yo ak etranje k ap chache azil yo nan peyi ki pote yo volontè pou resevwa yo.

XS
SM
MD
LG