Accessibility links

Breaking News

Entènasyonal: Nasyon Zini Mande Peyi Lafrans ak Grand Bretay pou Pran Responsabilite yo sou Dosye Timoun Refije yo


Migran nan kan ki rele Jungle nan Calais an Frans, 24 oktòb, 2016
Migran nan kan ki rele Jungle nan Calais an Frans, 24 oktòb, 2016

Nasyon Zini fè konnen gouvènman nan peyi Lafrans ak Grand Bretay pa reponn obligasyon yo anfavè timoun ki tap viv nan kan migran an nan Calais.

Nasyon Zini mande tou le 2 peyi yo pou yo pran mezi pou asire timoun sa yo resevwa èd yo bezwen pou yo reprann yo apre eksperyans yo sot viv la.

Komite l ONU pou Dwa Timoun yo di l ap suiv kouman eta yo ki te ratifye konvansyon ki te kreye li a aplike tou sa ki ladann, e li fè konnen li mande Lafrans ak Grand Bretay pou yo aji vit pou ede timoun ki pa gen granmoun ak yo.

Timoun sa yo tap viv nan kontenè ak anba tant nan yon kan ki rele La Jungle nan Calais an Frans ke otorite yo te vide semèn pase a.

XS
SM
MD
LG