Accessibility links

Breaking News

Diskisyon sou Dekrè Imigrasyon ki Entèdi Moun 7 Peyi Mizilman Antre Ozetazini Devan yon Tribinal Dapèl Federal


Jayne Novak, a goch ak mari li Allen Novak, fèk soti nan peyi Iran, youn nan 7 peyi dekrè sou imigrasyon an frape. Foto: 6 fevriye 2017. Aewopò Entènasyonal Seattle Tacoma, Washington
Jayne Novak, a goch ak mari li Allen Novak, fèk soti nan peyi Iran, youn nan 7 peyi dekrè sou imigrasyon an frape. Foto: 6 fevriye 2017. Aewopò Entènasyonal Seattle Tacoma, Washington

Yon kou dapèl federal ap tande kounye a diskisyon nan batay legal sou dekrè ekzekitif Prezidan Donald Trump ki sispann dwa pou moun kap soti nan 7 nasyon an majorite Mizilman antre nan peyi Etazini.

Manifestan ki an favè dekrè sou imigrasyon ki entèdi imigran nan 7 peyi mizilman pou yo pa antre Ozetazini. Foto: 4 fevriye 2017.
Manifestan ki an favè dekrè sou imigrasyon ki entèdi imigran nan 7 peyi mizilman pou yo pa antre Ozetazini. Foto: 4 fevriye 2017.

Prezidan an ki t ap pale ak manm Asosyasyon Nasyonal Sheriff yo nan Mezon Blanch madi 7 fevriye 2017 la, pat predi ki sa ki pwal soti nan seyans depozisyon an. Men li rekonèt ke kesyon kap poze yo, tankou eske yon prezidan ka mete restriksyon strik sou imigran kap antre Ozetazini kapab mennen sityasyon an jis nan Kou Siprèm?

XS
SM
MD
LG