ISIT OZETAZINI, —
Yon lòt timoun gwatemaltèk mouri pandan li te anba kontwòl gad fwontyè ameriken, e omwen yon depite ameriken lanse apèl pou ouvè yon ankèt sou sikonstans ki debouche sou lanmò a.
Otorite yo di Felipe Gomez Alonzo, ki gen 8 tan, desede nan yon lopital eta Nouvo Meksik, kèk minit apre minui nan jou nwèl la, 25 desanm 2018 swa yon ti bout tan apre yo te fin antere yon tigason 7 tan nan peyi Gwatemala ki te mouri Ozetazini tou.
Depite Beto O'Rourke abòde pwobèm nan, kote li di: Genyen yon envestigasyon ki louvri nan biwo enspektè jeneral la, e mwen lanse apèl pou yon lòt envestigasyon nan ka lanmò jou nwèl la."