Accessibility links

Breaking News

Ozetazini: Aung San Suu Kyi Visite Kongrè Ameriken an apre Etazini Deside Leve Sanksyon sou Peyi Myanmar

Lidè Myanmar a, Aung San Suu Kyi, nan mitan ak lidè minorite chanm bas Ameriken an, Nancy Pelosi adwat ak Calif. and Rep. Joseph Crowley a goch, nan Capitol Hill, Washington, Sept. 15, 2016.
Lidè Myanmar a, Aung San Suu Kyi, nan mitan ak lidè minorite chanm bas Ameriken an, Nancy Pelosi adwat ak Calif. and Rep. Joseph Crowley a goch, nan Capitol Hill, Washington, Sept. 15, 2016.

Lidè De Fakto Peyi Myanmar, Aung San Suu Kyi rankontre jedi 15 septanm nan ak minorite Demokrat la nan Chanm Reprezantan Ameriken an, Nancy Pelosi ak lidè majorite nan Sena a, Mitch McConnell apre l te fin rankontre mèkredi ak Prezidan Barack Obama nan Mezon Blanch.

Myanmar's State Counselor Aung San Suu Kyi (2nd R) is guided by U.S. National Park Service Ranger Heath Mitchell (R) as she visits the Lincoln Memorial in Washington, Sept. 14, 2016.
Myanmar's State Counselor Aung San Suu Kyi (2nd R) is guided by U.S. National Park Service Ranger Heath Mitchell (R) as she visits the Lincoln Memorial in Washington, Sept. 14, 2016.

Lidè peyi Myanmar la resevwa yon angajman bò kote Prezidan Barack Obama ki eksprime entansyon l pou l leve pifò sanksyon Etazizi te enpose sou peyi li a. Etazini te mete sanksyon sa yo sou peyi Myanmar poutèt rejim militè yo pat respekte dwa moun pandan 20 dènye ane ki pase yo.

Madam nan ki te fè chita pale ak Prezidan Barack Obama nan Mezon Blanch, remèsye lidè Ameriken an deske li te vizite peyi Myanmar, sa pa gen lontan. Misye Obama se premye Prezidan Ameriken ki vizite peyi sila a. Aung San Suu Kyi te pwofite nan menm okasyon remèsye Kongrè Ameriken an pou presyon l te mete sou otorite Myanmar yo pou yo retabli respè pou dwa moun.

Lidè de fakto peyi Myanmar kontinye pou l di, " Men moman rive pou Etazini leve sanksyon yo paske tèt-ansanm pa mache san pwosperite." Fen sitasyon. Selon Mezon Blanch sitiyasyon dwa moun yo amelyore nan peyi Mayanmar pandan 6 denye mwa yo depi Aung San Suu Kyi rive sou pouvwa a. Sepandan, kèk òganizasyon dwazimen twouvel l twò bonè pou Etazini leve sanksyon yo.

President Barack Obama and Aung San Suu Kyi, State Counsellor and Minister of Foreign Affairs of Myanmar, visit with Obama family pets Bo and Sunny in the Cabinet Room of the White House following their bilateral meeting, Sept. 14, 2016.

XS
SM
MD
LG