Accessibility links

Breaking News

Yon Atak Aeryen Touye 15 Moun pou Pipiti nan Lès Siri


Yon foto ki montre po yon bal eksplozif nan katye rebèl yo nan vilaj Dael in Deraa Governorate, Siri. 27 jen 2017.
Yon foto ki montre po yon bal eksplozif nan katye rebèl yo nan vilaj Dael in Deraa Governorate, Siri. 27 jen 2017.

Yon frap aeryen sou yon vilaj ki anba men gwoup Eta Islamik la nan lès peyi Siri touye 15 moun pou pi piti mèkredi 28 jen 2017 la, dapre gwoup kap obsève sitiyasyon an nan zòn nan. Sepandan, kèk lòt estimasyon fè konnen gen jiska 35 moun ki mouri.

Gwoup k ap swiv sityasyon an fè konnen avyon djèt emkoni lage sa ki rele bonm "cluster" arebò Vale Flèv Euphrates la, sou vilaj Doblan, yon zòn kote moun konnen djèt Etazini, Siri, ak Larisi konn opere.

Etazini fè konnen l ap evalye akizasyon yo, men yon pòtpawòl lame a di Lavwadlamerik koalisyon an te planifye misyon an ak swen pou evite dega e redui chans pou fè viktim pami moun ki pa konbatan

XS
SM
MD
LG