Accessibility links

Breaking News

Etazini Reasire Lachin Sou Prezans Militè li ann Ostrali


Sou-sekretè pou politik defans Etazini-an, Michele Flournoy di li te siyale tokay chinwa li yo ke aksyon sa a vrèman pa gen rapò ak la Chin.
Sou-sekretè pou politik defans Etazini-an, Michele Flournoy di li te siyale tokay chinwa li yo ke aksyon sa a vrèman pa gen rapò ak la Chin.

Yon gwo responsab depatman defans Lezetazini anonse sa pa gen lontan pwojè Lèzetazini pou l deplwaye sòlda ann Ostrali a; se pa yon pwojè ki vize bloke enfliyans la Chin nan rejyon an.

Sou-sekretè pou politik defans Etazini-an, Michele Flournoy di li te siyale tokay chinwa li yo ke aksyon sa a vrèman pa gen rapò ak la Chin.

Sou sekretè defans Lèzetazini, Flournoy, te rankontre ak otorite chinwa yo nan Peken mèkredi 7 desanm 2011 la pou premye chita-tande nan wo nivo yo depi prezidan Barack Obama te anonse pwojè sa a nan mwa novanm pase pou deplwaye plis ke 2 mil 500 Merin nan peyi Ostrali.

La chin kalifye deplwaman an kòm yon aksyon ki pa apropriye, li di yon desizyon konsa ta dwe diskite nan Kominote entènasyonal la.

XS
SM
MD
LG