Accessibility links

Breaking News

Etazini-Prezidansyèl : Kandida Pati Repibliken an Pral fè Deba Mèkredi Swa nan Kalifòni


Yon deba repibliken nan dat 12 out 2011 la (foto achiv)
Yon deba repibliken nan dat 12 out 2011 la (foto achiv)

Kandida Pati Repibliken an Ozetazini ki nan kous prezidansyèl la gen pou yo reyini mèkredi swa nan bibliyotèk Prezidan Ronald Reagan nan, nan Eta Kalifòni, pou yo patisipe nan premye deba nan yon seri ki gen pou fèt anvan dat eleksyon an rive.

Deba Kalifòni an se petèt premye okazyon pou Gouvènè Eta Tegzas la, Rick Perry, pale ak pèp ameriken an kòm kandida a la prezidans. Nan kòmansman semèn nan, li te kite yon chita tande ki t ap dewoule nan Kawolin di Sid pou l retounen Tegzas e pran tèt efò ki tap fèt pou fas a gwo dife forè k ap fè ravaj nan eta sa a.

Ajans nouvèl Associated Press ekri pou l di jiskaprezan moun poko si e sèten Gouvènè Perry pral patisipe nan deba Kalifòni an. Sondaj yo montre genyen yon konkirans ant Misye Perry ak ansyen Gouvènè Eta Massachussetts, Mitt Romney, pou premye plas la nan kous pou nominasyon Pati Repibliken an. Depite Eta Minnesota Michelle Bachman vini an 3èm pozisyon.

XS
SM
MD
LG