Accessibility links

Breaking News

Etazini: Prezidan Donald Trump Finalman Reyaji sou 2 Fiziyad Ki Rive Pandan Wikenn nan


Prezidan Donald Trump ak Premyè dam nan Melania Trump.
Prezidan Donald Trump ak Premyè dam nan Melania Trump.

Ameriken yo pat tande reyaskyon Prezidan Donald Trump imedyatman apre fiziyad nan El Paso, Texas, ki te touye omwen 20 moun e kote kèk èd tan apre, you lòt nonm te louvre kout zam nan Dayton, Ohio, touye omwen 9 moun.

Prezidan an te finalman parèt nan televizyon ak premye dam nan Melania Trump pandan yo tap retounen Washington byen ta nan aprè midi dimanch 4 out 2019 la kote li declare, " "M rayi sak pase a; lahèn pa gen plas li nan peyi nou an. Nou pral rezoud pwoblèm sa a." Prezidan Trump pale konsa anvan li te monte abò avyon Air Force One.

Pandan ke li konekte fiziyad la ak yon zak "rayiman" e maladi mantal, Prezidan Trump pa mansyone anyan dirèkteman nan lwa sou zam isit Ozetazini, youn nan kesyon ki deja ap domine deba yo nan kad re-eleksyon li pou ane kap vini an. Prezidan an te inyore kesyon sou santiman anti-imigrasyon nan manifès asayan ki fè zak la te ekri sou media sosyal avan li al komèt aksyon malonèt sila a nan El Paso.

Prezidan Trump eseye asire Ameriken yo epi defann administrasyon li an fas ak enkyetid e repwòch fiziyad sa yo vin mete so do yo.

XS
SM
MD
LG