Accessibility links

Breaking News

Etazimi: Otorite yo Konsidere Fiziyad nan Tanp Juif nan Pittsburgh la Tankou yon Krim Lahèn


Bagpipers march up Fifth Avenue past St. Patrick Cathedral during the St. Patrick's Day Parade in New York.
Bagpipers march up Fifth Avenue past St. Patrick Cathedral during the St. Patrick's Day Parade in New York.

Isit Ozetazini, otorite yo ap mennen ankèt sou yon fiziyad ki rive nan vil Pittsburgh samdi 27 oktòb 2018 la, ape yon nonm antre nan yon tanp juif ame jisko dan, ak yon fizi daso ak 3 pistolè kote li touye 11 moun e bless plizyè lòt.

Otorite amerikèn yo konsidere fiziyad nan tanp Juif la nan Pittsburgh, eta Pennsilvani tankou yon Krim lahèn. la yon blan ki gen 46 zan sou tèt li, e ki rele Robert Gregory Bowers, toujou kon ap ekri move pawòl kont juif yo sou paj media sosyal li. Sispèk la kwè ògqnizayon juif yo ouvè pòt pou etranje antre Ozetazini kote yo mete lavi ameriken ki pa juif yo andanje. Otorite you di 8 gason ak 3 fi pèdi lavi yo nan fiziyad la. 6 lòt moun soti blese.

Scott Brady komisè gouvènman nan Lwès eta Pennsilvani ki tap pale nan yon konferans pou laprès di yo konsidere aksyon Bowers, sispèk la poze a nan tanp juif la tankou yon krim lahèn. Misye soti plese nan echanj kout zam ak lapolis anvan li te aksepte rann tèt li. 4 polisye blese tou nan afwontman ak sispèk la. Fiziyad la rive tousuit apre 9:45 am nan tanp juif ki pote non Pye Bwa la Vi a, kote yon sèvis tap dewoule.

Sispèk la antre nan tanp la kote li di beyn fò, “tout juif dwe mouri.” FBI pat gen okennen enfòmasyon sou sispèk la avan krim nan. Prezidan ameriken an Donald Trump kondane zak la. Lidè ameriken pase lòd pou drapo peyi a monte ademi ma an solidarite ak kominite juif la.

XS
SM
MD
LG