Accessibility links

Breaking News

Etazini: Prezidan Obama ap Vizite Eta Nevada ak Kolorado


Prezidan ameriken an Barack Obama
Prezidan ameriken an Barack Obama

Ozetazini, Prezidan Barack Obama ap vizite yon katye ki plen kazino kote moun jwe jwèt aza nan vil Las Vegas, nan eta Nevada, ak yon baz avyasyon militè Lèzetazini an nan eta Kolorado.

2 eta sa yo (Nevada ak Kolorado) enpòtan anpil pou kanpay prezidansyèl ki pral debouche sou eleksyon mwa novanm 2012 la. Objektif vizit sa yo se fè pwomosyon pou yon nouvo plan gouvènman Obama a genyen pou domèn enèji a.

Nan tou lè 2 vizit yo, prezidan ameriken an genyen pou l pale de refòm li vle fè nan kesyon enèji a, kote li pral atire atansyon sou kèk pwopozisyon ki pale de fason pou Lèzetazini gen enèji ki pwòp e pou yo pwodui plis petwòl ak gaz nan peyi a.

Misye Obama pral pale nan sans sa a aprè lidè repibliken yo te lanse kritik, nan kòmansman semèn nan, pou yo denonse yon swadizan desizyon administrasyon Obama a ta pran pou l bloke yon pwojè pou yo konstwi yon gwou tiyo ki ta travèse tout peyi a, pou transpòte petwòl sòti Kanada rive nan eta Tegzas.

XS
SM
MD
LG