Administrasyon Trump la ap konsidere remèt 2 bitasyon diplomatic ris ki sou kot ès Etazini apre gouvènman ameriken te sezi yo ane pase kòm pinisyon dapre sous nouvèl la.
Bitasyon yo, youn sou kot eta New York e lòt la bò lanmè nan eta Maryland, te tonbe anba pinisyon an apre administrasyon Obama a te kwè ke yo te sèvi pou kolekte ransèyman e yo vid depi 29 desanm 2017. Prezidan Barack Obama te sanksyone Larisi poutèt li ta swadizan jwe yon wòl nan chache enfliyanse eleksyon prezidansyèl 2016 la.
Prezidan Donald Trump ap konsidere si lap remèt 2 bitasyon yo bay Moskou pou Larisi ka bal kèk avantaj, dapre nouvèl ki parèt nan jounal Washington Post ak ajans nouvèl Reuters. Etazini ak Larisi pako jwenn okenn antant, dapre Sekretè Deta ameriken an, Rex Tillerson.