Accessibility links

Breaking News

Etazini Pral Apiye Pwodiksyon Vaksen Enstiti Pasteur la nan Dakar


Macky Sall a reçu le secrétaire d’État Antony Blinken à Dakar, le 20 novembre 2021. (Lionel Mandeix/Présidence de la République du Sénégal)
Macky Sall a reçu le secrétaire d’État Antony Blinken à Dakar, le 20 novembre 2021. (Lionel Mandeix/Présidence de la République du Sénégal)

Sekretè Deta ameriken an Antony Blinken fini sejou li ann Afrik ak yon vizit nan Senegal. Nan Dakar, li te rankontre Prezidan Macky Sall e li te òganize yon konferans pou laprès. Plizyè akò kowoperasyon te siyen.

Avek pandemi COVID-19 lan ki ap ravaje lemond, Etazini pral sipòte Senegal nan pwodiksyon vaksen li atravè Enstiti Pasteur lal nan ville Dakar. Antony Blinken espere ke sa pral pèmèt kontinan Afriken an, ki enpòte 99% nan vaksen li yo, vin pi endepandan.

Pwodiksyon vaksen

"Nou trè fyè de travay ou fè a. E mwen konnen nou anvi fè plis pou ede moun non sèlman isit nan Senegal, pa sèlman nan rejyon an, men atravè mond lan. Jodi a, enstiti a fabrike vaksen kont lafyèv jòn, ". Pou Antony Blinken objektif prensipal la "se pèmèt yo ogmante siyifikativman kapasite nan pwodwi yon seri vaksen, ki gen ladan yo vaksen COVID-19 ak lòt vaksen pou lot pandemi".

Nan Senegal, Sekretè d'Eta Ameriken an te rankontre tou ak sektè prive a, e sou prezans li, plizyè akò te siyen ki totalize plis pase $1 milya dola.

XS
SM
MD
LG