Sepandan, Prezidan Obama ki rete sèlman 11 jou pou l pase nan Mezon Blanch lan, di li pa panse li pa te rive konprann tou sa Prezidan ris la Vladidmir Putin ka fè. Jan rapò sèvis ransèyman an di li a, pou site Prezidan Obama, “se Misye Putin ki te pase espyon li yo lòd pou mennen yon seri aktivite nan efò pou enfliyanse sistèm eleksyon Etazini an anfavè kandida Repibliken an Donald Trump, e nan dezavantaj kandida Demokrat la Hillary Clinton.
Prezidan Obama fè konnen li pibliye yon pati nan rapò Sèvis Ransèyman Etazini an sou dosye espyonaj Larisi a kote li di, “ Nou vle montre klè, nou komprann se yon bagay Putin gen lontan lap fè ann Ewòp. Li te konn espyone peyi ki te fè pati Inyon Sovyetik yo kote gen yon bann moun ki pale lang Ris la, men kounye a li rive nan peyi demokrat yo nan Lwès.
Komite Sèvis Ransèyman Etazini an detèmine ke Larisi te pirate dè milye imèl John Podesta ki te chèf kanpay madan Clinton nan, e lage yo nan men yon gwoup ki rele WikiLeaks ki di l ap konbat kachotri, nan mwa anvan elektion 8 novanm 2016 la. Anpil nan imèl sa yo te devwale yon pakèt bagay anbarasan pou moun kap travay nan pati demokrat la ki tap chache ede madan Clinton bat advèsè li a nan moman an ki sete Senatè Vermont an, Bernie Sanders. Imèl anbarasan sa yo te montre magouy ki te fèt pou Hillary Clinton genyen nominasyon pati Demokrat la kòm kandida alaprezidans Ozetazini.
Rapò sa a pa di si revelasyon sa yo ta chanje anyen nan rezilta eleksyon an, yon bagay ke Prezidan-eli Donald Trump te ensiste sou li nan yon seri kòmantè li fè sou rezo sosyal Twitter vandredi 6 janvye 2017, jou li te kòmanse resevwa rapò sou dosye sa a.