Accessibility links

Breaking News

Etazini: Majistra Bloomberg Pral Pèmèt Manifestan yo Tounen nan Pak la


Majistra Bloomberg presize li pa pral ba yo pèmisyon pou monte tant ak sak kouchaj andedan pak la ankò.
Majistra Bloomberg presize li pa pral ba yo pèmisyon pou monte tant ak sak kouchaj andedan pak la ankò.

Majistra vil Nouyòk la, Michael Bloomberg, fè konnen li pral kite manifestan mouvman pou okipe Wall Street la retounen nan yon pak anba lavil Manhattan, kote yo poze kazèn pandan 2 mwa ki sot pase.

Sepandan, Majistra Bloomberg presize li pa pral ba yo pèmisyon pou monte tant ak sak kouchaj andedan pak la ankò.

Mesye Bloomberg fè komantè sa yo apre lapolis te finn desitire manifestan nan park Zucotti douvan jou jodi a.

Majistra Bloomberg fè konnen yo fè moun yo pati kite zòn nan, dekwa pou netwaye pak la, e paske tout tant yo te monte andedan an ak tout lòt sak kouchaj yo te itilize pou dormi te reprezante yon risk pou dife ta pran nan zòn nan.

XS
SM
MD
LG