Accessibility links

Breaking News

“Etazini ap Ofri Asistans Finansye pou Kore Eleksyon yo ann Ayiti Aprè Pasaj Silòn Matthew"


Anbasad Lèzetazini nan Pòtoprens.
Anbasad Lèzetazini nan Pòtoprens.

Men yon nòt pou laprès ki sòti nan anbasad Lèzetazini nan Pòtoprens, Ayiti:

<< Devastasyon jeneral Siklòn Matthew pwovoke pandan pasaj li, kreye yon bezwen moun pa tap tann, ijan e konsiderab pou retabli santdevòt yo ak wout ki afekte yo ann Ayiti… espesyalman nan Depatman Sid, Grand’Ans ak Nip. Se poutèt sa, gouvènnan ameriken an pral ofri apui finansye li bay Biwo Nasyon Zini pou Sèvis d Apui pou Pwojè yo (UNOPS), yon fason pou kore yon pwosesis elektoral ki respekte kalandriye a e ki transparan.

<< Nou jwenn ankourajman nan divès pwogrè Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP a) reyalize nan kad pwosesis elektoral la, e nou konseye tout aktè yo pou yo patisipe totalman e pasifikman nan pwosesis demokratik la.

<< Lèzetazini repete apui li pou aboutisman eleksyon onèt, transparan ak pasifik, jan sa pwograme pou dat 20 Novanm ak 29 janvye pwochen yo. >>

XS
SM
MD
LG