Accessibility links

Breaking News

Etazini: Lamezon Blanch Espere 2 Chanm Kongrè a Apwouve yon Fon pou Renfonse Ekonomi an


Prezidan Donald Trump pandan li tap pale ak laprès nan Lamezon Blanch.
Prezidan Donald Trump pandan li tap pale ak laprès nan Lamezon Blanch.

“Kongrè a fèt pou apwouve antant la jodi a menm san li pa fè tout grimas initil l ap fè yo. Plis nou pran tan, l ap vin pi difisil pou n relanse ekonomi nou an. Se travayè nou yo ki pral soufri.”

Prezidan an plenyen pou l di, nan moman lidè repibliken nan Kongrè a dakò ak plan sovtaj la, palmantè demokrat yo, yo menm, ak eseye ogmante kòb ki nan pwogram nan avèk lajan pou pwojè ki pa gen okenn rapò ak efò k ap fèt pou ekonomi peyi a reprann kap li anba frap pandemi kowonaviris la. Misye Trump deklare:

“Sa kap fèt la a pa gen rapò ditou ak pwojè ridikil ki rele Nouvo Akò Vèt la. Sa gen rapò avèk efò pou n REMETE bonjan anplwaye ak bonjan konpayi nou yo NAN TRAVAY,”
(Lè prezidan an di “Nouvo Akò Vèt la” l ap pale de yon seri de pwopozisyon-lwa pou konbat chanjman klimatik yo ki devan Kongrè a.)

Misye Trump lanse kèk kritik sou Prezidan Chanm Depite a, Nancy Pelosi (D-Kalifòni) poutèt palmantè demokrat yo, ki domine Chanm Bas la, prezante yon lòt vèsyon pou plan sovtaj ekonomik la. Lidè ameriken an di vèsyon sa a gen ladan n yon sòm ki depase valè lajan federal La Mezon Blanch mande pou konbat kowonaviris la epi li plis tou pase kòb ki nan vèsyon Minis Trezò a, Steven Mnuchin, ap negosye avèk lidè minorite demokrat la nan Sena a, Chuck Schumer. Madam Pelosi, ki t ap pale avèk chèn televizyon CNBC, deklare:

“Mwen panse genyen yon bon jan chans pou nou reyalize yon bagay pandan 2 zou 3 èdtan k ap vini la yo.”
Prezidan Chanm Bas la pale konsa nan moman Sena a, li-menm, byen kapab apwouve yon vèsyon revize lejislasyon an nan sware jounen madi 24 mas la menm. Bò kote pa l, Minis Trezò a, Steven Mnuchin, ki t ap abòde dosye a lendi, te fè konnen:

“Lèzetazini pral ouvè ankò e trè byento pou biznis. Trè byento… pi vit lontan ke 3 a 4 mwa yon moun predi a… pi vit lontan ke sa. Nou pa kapab kite gerizon an fè plis dega pase maladi a li-menm. Non, nou pa p kite gerizon an fè nou pi mal ke pwoblèm nan.”

XS
SM
MD
LG