Lame amerikèn mennen yon operasyon kote li libere 2 travayè imanitè : yon amerikèn ak yon sitwayen peyi Danmak ke nèg ame te kidnape sa gen 3 mwa nan sant peyi Somali.
Nan yon deklarasyon Prezidan Barack Obama fè soti, li bat bravo fòs espesyal lame amerikèn ki te lanse operasyon pou libere Jessica Buchanan ak Paoul Hagen Thisted pandan yon desant-de-lye ki fèt douvan-jou-a .
Buchanan ak Thisted t ap travay pou gwoup imanitè danwa “Demining” ki travay sutou nan rejyon Afrik ak Mwayen-Oryan.
Tou lè 2 an sante e yo twouve an sekirite.Responsab somalyen yo presize plizyè elikoptè ameriken te men-nen operasyon an nan fè nwa. Yo di tou, nan boukantaj kout zam yo , genyen omwen 9 militan ki mouri.