Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Anvizaje Sèvi ak Sanksyon pou Fòse Kore di Nò Abandone Pwogram Nikleyè li a

Lidè Majorite Sena a, Mitch McConnell, nan mitan, ak kèk lòt senatè kap mache pou ale nan yon reyinyon sou sitiyasyon an nan prèskil koreyen an, 26 avril, 2017, nan biwo Egzekitif Eisenhower a nan Lamezon Blanch, Washington. (Foto: AP/Carolyn Kaster)

Youn nan prensipal mesaj ki soti nan rankont Prezidan Donald Trump ak palmantè ameriken yo sou dosye prèskil koreyen an sè ke yo ensiste sou nesesite pou Etazini sèvi ak sanksyon e ak diplomasi pou yo chache mete presyon sou Pyongyang pou l retounen bò tab negosyasyon an.

Pandan pa gen anpil espwa pou chita koze yo rekòmanse, dapre kèk analis, se sipò Lachin ki kle nan tout efò sa a. Youn nan kesyon moun ap poze se: Nan ki pwen Peken pare pou l sere boulon rejim Pyongyang nan e sipòte efò kap fèt pou Kore di Nò abandone pwogram nikleyè li a?

Kèk analis an Chin fè konnen gouvènman an deja fè tou sa l kapab pou l mete presyon sou rejim Kore di Nò a. Anplis, pri gazolin deja monte sou teritwa nò koreyen an. Plizyè analis sispèk se akoz sanksyon Lachin enpoze sou Pyonyang.

XS
SM
MD
LG