Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Lanse yon Atak Aeryen Kont Group Teworis Al-Shabab la kap Opere nan Somali


Kat jewografik ki montre peyi Somali ak lòt peyi nan rejyon an.
Kat jewografik ki montre peyi Somali ak lòt peyi nan rejyon an.

Lame Etazini lanse yon frap kont militan al-Shabab nan sid Somali, dapre sa otorite yo di Lavwadlamerik.

Kèk sous lokal fè konnen frap dimanch 2 jilyè a te vize kamyon nan Kunya Barrow, nan rejyon anba Shabelle. Kèk sous fè konnen tou frap la te fèt kont yon militan al-Shabab wo-plase, san li pa bay plis detay.

Sòlda nan Inyon Afriken nan Somali yo (AMISON) nan Mogadishu, Somali. 19, septanm 2016. (Foto: J. Patinkin/VOA)
Sòlda nan Inyon Afriken nan Somali yo (AMISON) nan Mogadishu, Somali. 19, septanm 2016. (Foto: J. Patinkin/VOA)

Frap sa a fèt anviwon 2 mwa apre yon sòlda nan kontenjan Navy Seal te pèdi lavi l nan yon operasyon kont militan al-Shabab nan Somali, premye solda ameriken ki te tonbe nan peyi sa a ke lagè fin ravaje, depi batay la te tanmen an 1993.

XS
SM
MD
LG