Accessibility links

Breaking News

Otorite Sekirite Nasyonal Ameriken yo Konfime Larisi te Lanse Atak Entènet Sou Biwo Kanpay Kandida Santris la an Frans


Direktè Ajan Sekirite Nasyonal Etazini an, Amiral Mike Rogers, ki tap temwaye nan Capitol Hill, Washington devan Senatè nan Komite Sèvis Militè yo, 9 me 2017.
Direktè Ajan Sekirite Nasyonal Etazini an, Amiral Mike Rogers, ki tap temwaye nan Capitol Hill, Washington devan Senatè nan Komite Sèvis Militè yo, 9 me 2017.

Direktè Ajans Sekirite Nasyonal la, Amiral Mike Rogers, ki tap temwaye devan Komite Sèvis Militè Sena a, konfime nouvèl ki tap sikile e fè kwè Larisi ta pirate eleksyon prezidasyèl la an Frans.

Etazini te enfòme otorite fransè yo ke Larisi te lanse atak piratri sou rezò òdinatè li yo pandan eleksyon prezidansyèl la avan pou enfòmasyon sa a te vin piblik, dapre sa otorite Sekirite Nasyonal yo deklare devan Kongrè a jedi, 11 me 2017 la.

Nan Samdi 6 me 2017 pase a, komisyon kanpay pou eleksyon yo nan peyi Lafrans, te fè konnen "yon pakèt enfòmasyon," kèk nan yo se fo nouvèl, te fuite nan rezo sosyal yo apre yon atak Entènèt sou biwo kanpay kandida santrist la, Emmanuel Macron.

Fuit la fèt 36 zèd-tan anvan 2èm tou eleksyon an ki dewoule nan dimanch 7 me, kote Mesye Macron te bat kandida ekstrèm dwat la, Marine Le Pen.

XS
SM
MD
LG