Accessibility links

Breaking News

Manifestasyon Anti-Trump nan New York ak nan Kèk Lòt Eta Ozetazini


Manifestan kap pwoteste kont Prezidan eli Ameriken an, Donald Trump, sant vil Seattle. 9 novanm 2016.
Manifestan kap pwoteste kont Prezidan eli Ameriken an, Donald Trump, sant vil Seattle. 9 novanm 2016.

Plizye milye manifestan desann nan lari nan plizye vil Ozetazini jounen 9 oktòb 2016 kote yap chante pou denonse prezidan eli Donald Trump kòm yon rasis , apre milyadè nan domen imobilye a fin ranpòte eleksyon prezidansyèl yo.

Manifestan kap pwoteste kont Prezidan eli ameriken an, Donald Trump, nan Hollywood 101 Freeway Los Angeles, California, Nov. 10, 2016.
Manifestan kap pwoteste kont Prezidan eli ameriken an, Donald Trump, nan Hollywood 101 Freeway Los Angeles, California, Nov. 10, 2016.

Yon gwo foul moun te rasanble sou plizyè kwen nan vil Nouyòk, dirèkteman devan Trump Tower a, kote prezidan eli a abite. Manifestan yo mache avèk pannkat ki make: Lanmou pifò pase la Hènn.

Isit nan Washington DC, gen yon lot gwoup manifestan ki te rasanble devan La Mezon Blanch la kote Donald Trump pral abite ak fanmi li apati dat 20 janvye 2017 pou 4 pwochen ane kap vini yo.

Manifestasyon Anti-Trump nan Oakland, California, U.S.A., 9 Nov. 2016.
Manifestasyon Anti-Trump nan Oakland, California, U.S.A., 9 Nov. 2016.

Plizè santèn moun te desann pa bann e pa pakèt devan otèl Trump fèk bati sou avni Pensilvani an kote yo tap di sa fò e pale klè pou tout moun tande," Refijye se moun ki byenveni Ozetazini."

XS
SM
MD
LG