Accessibility links

Breaking News

Etazini-Eleksyon: Lè a Rive pou Pèp Ameriken Deside Kilès ki Pral Prochen Dirijan li nan la Mezon Blanch


Kandida Demokrat la pou pòs prezidan Eatzini, Hillary Clinton ak mari li ansyen Prezidan Bill Clinton ak pitit fi yo, Chelsea Clinton pandan yon kanpay nan Raleigh, N.C., 8 Nov. 2016.
Kandida Demokrat la pou pòs prezidan Eatzini, Hillary Clinton ak mari li ansyen Prezidan Bill Clinton ak pitit fi yo, Chelsea Clinton pandan yon kanpay nan Raleigh, N.C., 8 Nov. 2016.

Apre yon kanpay ektoral chaje ak toya e pawòl piman bouk ant 2 kandida alaprezidans yo, pèp Ameriken pran direksyon biwo vòt jounen madi 8 novanm 2016 la pou l di kilès li kwè ki pi kalifye pou djòb Prezidan an.

Ameriken atravè tout peyi ki gen laj pou vote nan wout pou chwazi yon nouvo prezidan ant 2 kandida li yo, Hillary Clinton ak Donald Trump.

Dènye jounen kanpay yo te kontinye jiska madi bonè nan matin kote Madam Clinton kandida pati Demokrat la te fè yon deklarasyon kote li di, “Eleksyon prezidansyèl yo se yon tès pou epòk nap viv la,” tandiske advèsè li a kandida repibliken an Misye Trump deklare, “ Jodi a se yon jou endepandans pou nou.”

Nan Dixville Notch yon vil nan eta New Hampshire yon sitwayen ap lage bilten vòt li nan yon bwat bilten. 8 novanm 2016
Nan Dixville Notch yon vil nan eta New Hampshire yon sitwayen ap lage bilten vòt li nan yon bwat bilten. 8 novanm 2016

Aktivite electoral yo: Nan yon eleksyon tradisyonèl ki fèt nan yon ti vil nan eta New Hampshire ki rele Dixville Notch, Clinton ranpòte laviktwa sou Trump dapre sa nouvèl yo rapòte.

Se lè biwo vòt ki nan eta New Hampshire ak 49 lòt eta yo e nan Washington DC fin konte tout bilten vòt yo, moun pral konnen rezilta eleksyon yo. Pi fò biwo vòt ki nan pati lès ak sant peyi Etazini yo ap fèmen vè 8 tè nan aswè lè Washington (0100 GMT). Gwoup eta sa yo gen anviwon 538 kolèj gran elektè.

Kandida prezidansyèl Hillary Clinton, demokrat ( agoch) ak kandida prezidansyèl Donald Trump, repibliken ( adwat). 7 Nov. 2016.
Kandida prezidansyèl Hillary Clinton, demokrat ( agoch) ak kandida prezidansyèl Donald Trump, repibliken ( adwat). 7 Nov. 2016.

Nan dènye diskou kanpay li nan Carolin di Nò, Hillary Clinton te pale plis de inite kote li di patizan li yo li vle vin prezidan tout Ameriken, ni pou moun ki patizan li ak sila ki se opozan li.

Trump bò kote pa li di sipòtè li yo viktwa li a pral debouche sou chanjman nan tout peyi a tankou kreye plis travay ak elimine koripsyion.

Sepandan, dènye sondaj ki soti madi matin jou eleksyon an montre Clinton gen 2 ak 3 pwen an avans sou rival li a Misye Trump.

XS
SM
MD
LG