Accessibility links

Breaking News

Hillary Clinton se 5èm Kandida Ki Genyen Vòt Popilè yo e Ki pa Eli Prezidan Lèzetazini


(Agoch) kandida pèdan Hillary Clinton ak Prezidan eli Ameriken an Donald Trump (adwat). Foto pandan kanpay elektoral prezidansyèl yo Ozetazini, 7 novanm 2016.
(Agoch) kandida pèdan Hillary Clinton ak Prezidan eli Ameriken an Donald Trump (adwat). Foto pandan kanpay elektoral prezidansyèl yo Ozetazini, 7 novanm 2016.

Demokrat Hillary Clinton ranmase kounye a plis pase 2 milyon vòt anplis Prezidan eli Donald Trump, ki ranpòte kous pou Mezon Blanch la, nan eta kote li te enpòtan pou l genyen, e ki te ba l ase vòt electoral pou l tounen 45èm chef ekzekitif peyi a.

Pandan kontaj vòt ap kontinye nan kèk eta tankou Kalifòni, Madan Clinton pran avantaj Jodi a ak 2 milyon 17 mil 563 vòt popilè.

Sepandan, kèlkeswa avans ke vòt popilè yo ta bay Madan Clinton lè yo fin konte nèt, sa pa pwal chanje rezilta eleksyon 8 novanm nan.

Hillary Clinton pwal tounen 5èm kandida prezidansyèl nan istwa Etazini e 2èm nan 16 lane pase yo, ki genyen vòt popilè yo men pèdi eleksyon an paske se sistèm Kolèj Elektoral la ki eli prezidan peyi a dapre konstitisyon an depi 2 syèk.

XS
SM
MD
LG