Yon sondaj dopinyon ki fèk parèt Ozetazini montre milyadè Donald Trump pran devan nan kous pou nominasyon Pati Repibliken an, alòske nan kan demokrat la, ansyen Sekretè Deta Hillary Clinton pran yon gwo avans sou advèsè l la, Senatè Eta Vermont la, Bernie Sanders.
Yon sondaj chèn televizyon CNN reyalize montre 49 pou san elektè repibliken yo apiye Donald Trump, swa plis pase chif total ki apiye tou lè 4 advèsè li genyen nan kous la toujou. Kandida ki pi prè l la, Senatè Eta Florid la Marco Rubio, genyen 16 pou san entansyon vòt yo; ansuit nou jwenn Senatè Eta Tegzas la, Ted Cruz avèk 15 pou san.
Bò kote Demokrat yo, sondaj la montre kandida Hillary Clinton --ki te okipe plas chèf diplomasi Lèzetazini ant 2009 e 2013-- gen yon gwo avans devan Senatè Bernie Sanders ki prezante tèt li kòm yon sosyalis. Chif yo se 55 pou san pou Madam Clinton epi 38 pou san pou Senatè Sanders.
Pandan jounen madi premye mas la ni kandida repibliken yo, ni kandida demokrat yo pare pou sa yo rele “Sipè Madi a”, swa yon jou kote 11 Eta ameriken ap òganize eleksyon primè yo -se pi gwo jounen elektoral nan yon kanpay kap dire plizyè mwa. Donald Trump favori nan 10 Eta, paske sondaj la prevwa Ted Cruz byen plase pou l ranpòte laviktwa nan Eta li reprezante nan Sena a, Tegzas.