Accessibility links

Breaking News

Ozetazini: Prezidan Eli Ameriken an Donald Trump Ap Kontinye Nominasyon Manm Kabinè li a


Prezidan eli Ameriken an, Donald Trump. Foto: 31 oktòb 2016
Prezidan eli Ameriken an, Donald Trump. Foto: 31 oktòb 2016

Dapre nouvèl yo, ansyen majistra vil New York la Rudy Giuliani twouve l nan tèt lis moun Misye Trump kapab chwazi pou okipe pòs sekretè deta Lèzetazini.

Msye Giuliani se yon ansyen pwokirè federal, men li pa gen okenn eksperyans nan domèn politik etranjè. Eksperyans nan sans sa a nesesè pou moun ki pral ranpli fonksyon sekretè deta Lèzetazini. Pa egzanp, John Kerry se te prezidan komisyon relasyon eksteryè nan Sena Ameriken an anvan Prezidan Obama te chwazi li kòm sekretè deta Ameriken pou ranplase Hillary Clinton. Madam Clinton se te yon ansyen senatè ki gen anpil eksperyans politik menm jan ak msye Kerry.

Ansyen Majistra New York la, Rudy Giuliani, (nan mitan) pandan li tap soti nan building Trump Tower a nan New York, 11 novanm 2016.
Ansyen Majistra New York la, Rudy Giuliani, (nan mitan) pandan li tap soti nan building Trump Tower a nan New York, 11 novanm 2016.

Condoleeza Rice limenm, se te konseye prezidan George W. Bush pou sekirite nasyonal avan l te vin nan pòs sekretè deta. Jeneral Colin Powell te okipe pi gwo pòs militè Etazini an anvan li te monte Sekretè Deta. An fen, Madeleine Albright te nan pòs anbasadè ameriken nan Nasyon Zini anvan li te vin chèf diplomasi Etazini an.

Kèk lòt moun prezidan eli Ameriken an chwazi pou okipe kèk fonksyon wo-nivo nan La Mezon Blanch deja kreye anpil pale nan laprès. Tankou chwa Stephen Bannon, ki te travay kòm chèf kanpay Prezidan eli a e ki pral okipe pòs konseye politik. Anvan msye Bannon te fè pati ekip ki te nan tèt kanpay Donad Trump lan, li tap jere yon paj nouvel sou entènèt ki rele “Breitbart News.”

Stephen Bannon. Foto: 11 novanm 2016
Stephen Bannon. Foto: 11 novanm 2016

Paj entènè sa a se yon platfòm ki ekri kont sistèm politik tradisyonèl la Ozetazini e ki ap fè piblisite pou lide blan nasyonalis yo. Li gen yon langaj anti-semitik, kidonk kont jwif.

XS
SM
MD
LG